ILA: yon lòt kout ponya anba kè inivèsite leta ayisyen an (ILA)

Ayiti-Edikasyon

ILA: YON LÒT KOUT PONYA ANBA KÈ INIVÈSITE LETA AYISYEN AN(ILA) !

 "Depi plizyè lane,inivèsite leta ayisyen an (ILA) ap konnen yon sitiyasyon difisil (pwofesè ki pa vin fè kou ak move tretman etidyan ap sibi ladan). Inivèsite sa ki gen pou rektè Fritz Deshommes, anmenmtan ki se laboratwa edikatif peyi d Ayiti ,gen ladan li onz (11) antite konsa ki divize an depatman oubyen chan. Chak ane, ILA nan konkou l ap fè toujou resevwa yon pakèt jèn nan chak antite li yo. Anpil fwa, majorite nan yo plis sòti nan zòn pwovens yo ak katye defavorize yo. Pandansetan, malgre ILA ap òganize konkou chak ane, sa pa anpeche divès antite l yo fè fas kare ak yon seri kriz ki toujou charye ak yon ansanm revandikasyon, epi ki anpil fwa fini ak yon dram".

Yon mwa konsa, apre bandi ak zam yo pa t rive idantifye te fin etenn souf batonye pòtoprens la Monferrier Dorval ki se pwofesè nan fakilte Dwa ak Syans ekonomik pòtoprens la (FDSE) nan Pèleren 5 nan dat 28 dawou 2020 pase a nan aswè, ki te vin pousib kèlke semenn apre ak lanmò vis dwayen fakilte sila pwofesè Charles Dumond Point-Du-Jour pou n pase pran etidyan finisan nan fakilte agwonomi ak medsin veterinè a (FAMV) Samul Mical, peyi a ta pral konnen plizyè mouvman : yon kote etidyan melanje ak avoka , yon lòt bò elèv ak pwofesè, pou rive bout nan fantom 509 yo, sa ki te met laperèz lakay chak moun ki te gen pou pase lavil la.

Apre fineray potorik gason sa(batonye pòtoprens) ki te chante ansoudin pou anpeche kraze brize fèt, dapre enfòmasyon konfrè nou nan laprès rapòte. Revandikasyon yo te kontinye pou pi rèd zòn lavil, sou lali ak sou dèlma[...], kote ansanm objektif yo se bon jan sekirite ak edikasyon pou jèn.

Etidyan nan divès fakilte leta yo tankou: Syanzimèn (FASCH) ak lekòl Nòmal siperyè (ENS)[...], te oblije fè pase mo yo yon mannyè pou kou nan antite sila yo te sa reprann.Se toujou nan menm liye sa, Gregory Saint-Hilaire ki se yon etidyan finisan  ENS ak dezyèm ane dwa nan  FDSE , ki t ap lite pou jwenn yon chanjman nan ENS la, te rive bwè dlo bouch li jou vandredi 2 oktòb 2020 la vè setè nan  apre-midi apre l te fin resevwa katouch nan men yon ajan USGPN palè nasyonal nan lokal fakilte a dapre sa direksyon akademik ENS la fè konnen. Tousuit apre, bibliyotèk fakilte sila ta pral redui an sann. Jiskounye a, pandan anpil pale ap fèt pou jwenn vrè reskonsab zak  sasinay sila, travèse jenonm vanyan sa kite anpil dlo nan je ak gou anmè nan bouch anpil moun.

Si nan peyi isit yo toujou ap ankouraje jèn kenbe liv yo pandan y ap aprann yo ledikasyon se poto mitan pou yon meyè demen, jan kèk atis ayisyen  chante sa tou; tankou Roosevelt Saillant (BIC) nan mizik nou se lajenès la, epi yon kote pandan jèn ki vize chanjman ap fè rezistans anba : mizè , grangou, ensekirite [...] pou yon demen miyò ap tonbe anba bal endividi san fwa ni lwa pandan n ap pran tan pou n analize sitiyasyon peyi d Ayiti, kote chak jou ki pase ou tande yon nouvèl diferan,  sitou nan sistèm edikatif la, kote y ap fin detui jèn nou yo.

Nan ka sa, èske l toujou posib pou n preche jèn ayisyen yo chimen ledikasyon pandan y ap mouri nan move kondisyon? Èske lanmò Gregory Saint-Hilaire pa sèvi yon sous pou ogmante pi plis lide jenès sa genyen pou l al viv nan peyi letranje? Oubyen èske se pa yon estrateji pou rive detui repitasyon ILA genyen nan peyi isit ak letranje yo?

Redaktris : Christina Juliana Vilmé

Dat redaksyon: dimanch 4 oktòtòb 2020

 F🌎cus News

Comments

Post a Comment

Popular posts from this blog

LE GUÉDÉ : ENTRE MYTHES, PRATIQUES ET CULTES ANCESTRALES

LES FORMES D'ILLÉGALITÉS EN HAÏTI: LE GRAND DÉFI DES CITOYENS

YON SISTÈM EDIKATIF DWAT GÒCH NAN YON PEYI DWAT GÒCH