YON SISTÈM EDIKATIF DWAT GÒCH NAN YON PEYI DWAT GÒCH
Ayiti-Edikasyon
YON SISTÈM EDIKATIF DWAT GÒCH NAN YON PEYI DWAT GÒCH
Dat jeneral pou louvèti nouvo ane eskolè 2020-2021 minis edikasyon nasyonal la Pyè Jozye Ajenò Kadè (Pierre Josué Agénor Cadet) te bay la, pa rive respekte nan anpil lekòl prive nan peyi isit depi avan egzamen elèv nevyèm ane fondamantal yo, tandiske tout elèv san distenksyon nan lekòl prive kou piblik ap gen pou sibi menm egzamen ofisyèl nan ane 2021 an.
"Madi 3 novanm 2020 an, se dat ofisyèl ki rezève pou tout aktivite edikatif soti nan matènèl pou bout nan segondè 4 reprann", dapre deklarasyon reskonsab levasyon an Ayiti te fè nan menm peryòd li t ap bay dat eprèv leta yo pou ane 2019-2020 an. Mete sou sa, yon kokenn chenn lekòl prive gentan louvri pòt yo avan dat sila, sa ki te koumanse depi nan debi mwa oktòb la, pou n site kèk ladan yo: lekòl Magerit d Youvil nan wout frè ak mòn Laza, Sè Etyèn , Sent Terèz, Dominik Savio, mè Lali, mè Boudon, elatriye. Pandan y ap travay nòmalman, anplis kote anpil nan yo gentan ap fè egzamen mi-kontwòl (egzamen mwa ), anpil lòt fèmen pòt yo pou 3 novanm lan la. Malgre sa, Ajenò Kadè pa di anyen sou pwoblèm enkoyerans edikatif sa k ap devlope jounen jodi a la, sa ki pral gen gwo konsekans sou rezilta egzamen Leta sesyon 2020-2021 an. Pou ane sa plizyè timoun ki te sot konpoze nan nevyèm ane gentan ap fè twazyèm, segondè 1, nan lekòl sa yo san yo poko pran rezilta Ajenò a; yon lòt bò gen yon seri menm k ap tann li tonbe pou yo ka al fè konesans ak nouvo segondè a. Sa fè plizyè ane, si n ap santre n byen depi apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la sijè edikasyon nan premye Repiblik Nwa a rete yon koze je wè bouch pe; okenn dispozisyon pa pran pou devlopman chan sa. Si w ta gen malè revòlte, sa k ap akeyi w se "gaz","katouch" ak lòt zak maspinay. Enstitisyon sa ki se poto santral peyi a" inivèsite Leta ayisyen" an, prèske paka kenbe kò l akòz kriz k ap travèsè divès antite li yo, epi pèson pa menm rann kont de sa si se pa pwòp moun k ap frekante l. Avan, li te yon fyète pou yon jèn nan nenpòt milye li ye pou li ekspoze idantite l antanke yon etidyan Leta, men jounen jodi, sa pa fasil ditou akoz ennmi sosyal edikasyon jèn isit. Si n ap gade nan dènye mwa sa yo pa rete bon espwa pou levasyon nan peyi papa Desalin lan ankò; menm sila ki reskonsab pen lenstriksyon an pa konn vrè sans li alewè enpòtans li, piske bidjè edikasyon moun nan Repiblik d Ayiti se yon bouda monnen. Jèn k ap vanse, epi ki kenbe toujou se sila ki gen lespwa demen miyò a. Pandan chanpay, bweson ap koule nan anpil bwat Leta, gagòt ap fèt nan kès trezò piblik, bouch malere ap fè kim epi pitit sòyèt yo ap toujou al anba twa pou doub sis mouri nan men yo nan chache fòme tèt yo (chimen lakonesans).
Si Leta ap panse pou moute tout bidjè, swa nan touris, kilti eksetera, enben edikasyon li menm pa asiste tiraj. Si nèg nan peyi isit t ap panse pou chanjman peyi vre, premye domenn yo ta dwe pran an konsiderasyon se sila edikatif la. Paske pa gen okenn sosyete sou latè ki avanse san li.
Redaktris: Christina Juliana Vilmé


Comments
Post a Comment