YON SISTÈM EDIKATIF DWAT GÒCH NAN YON PEYI DWAT GÒCH
Ayiti-Edikasyon YON SISTÈM EDIKATIF DWAT GÒCH NAN YON PEYI DWAT GÒCH Dat jeneral pou louvèti nouvo ane eskolè 2020-2021 minis edikasyon nasyonal la Pyè Jozye Ajenò Kadè (Pierre Josué Agénor Cadet) te bay la, pa rive respekte nan anpil lekòl prive nan peyi isit depi avan egzamen elèv nevyèm ane fondamantal yo, tandiske tout elèv san distenksyon nan lekòl prive kou piblik ap gen pou sibi menm egzamen ofisyèl nan ane 2021 an. " Madi 3 novanm 2020 an, se dat ofisyèl ki rezève pou tout aktivite edikatif soti nan matènèl pou bout nan segondè 4 reprann ", dapre deklarasyon reskonsab levasyon an Ayiti te fè nan menm peryòd li t ap bay dat eprèv leta yo pou ane 2019-2020 an. Mete sou sa, yon kokenn chenn lekòl prive gentan louvri pòt yo avan dat sila, sa ki te koumanse depi nan debi mwa oktòb la, pou n site kèk ladan yo: lekòl Magerit d Youvil nan wout frè ak mòn Laza, Sè Etyèn , Sent Terèz, Dominik Savio, mè Lali, mè Boudon, elatriye. Pandan y ap travay nòmalman, anplis kote anpil ...