AYITI 2020 An
Ayiti-sosyete
AYITI 2020 An
Yon ane ki met lapèn lakay anpil Ayisyen. Sa k te pase menm?
Espwa yon ane ka miyò yon lòt nan pote limyè chanjman an nan peyi d Ayiti, se sa chak grenn Ayisyen ki kwè nan kole zepòl pou fè chanjman peyi tout bon swete. Men, tousuit apre fèt Endepandans peyi a ki toujou louvri chak ane ki antre, zak kidnapin se te youn nan premye zetrenn pèp papa Desalin nan te resevwa, san bliye Kowonaviris, zak sasinay, manifestasyon, lavi chè ak yon pakèt lòt aksyon ki te simen dèy, lapèrèz, move lavi ak dezespwa nan mitan anpil fanmi k ap viv sou ti bout tè sila.
Yon estrateji ki koz moun mefye moun : kidnapin
"Lè yo te pranm nan, yo rale zam sou mwen, yo foure yon sachè nan tèt mwen pou m pa wè kote m prale a, yo mare de ponyèt mwen, epi fòse m rantre andedan yon machin" ; "mwen yo bande de je m, m ap pase nan yon wout m pa menm konn ki bò m ye, yo te di nou si n ouvè je n y ap tire se lè yo fin ale nèt pou nou demare figi nou, nou pat menm konn kote n te ye a, se nan mande yo di n se Matisan n ye.", sa se deklarasyon plizyè viktim zak kidnapin nan peyi isit.
Sachè nwa, moso twal, zam nan men, se premye zouti kidnapè an Ayiti itilize pou kidnape moun. 10 000..., 30 000..., 1 000 000 dola menm plis toujou, se kantite lajan sa yo mande chak fanmi viktim, ki anpil fwa depann de aktivite moun nan ap fè nan sosyete a. Dèle jou, dat, lè pou tout kòb tonbe, se premye konsiy fanmi yo dwe respekte, sinon yon bal nan tèt sifi pou etenn souf viktim nan. Anpil mache moute desann fèt nan anpil medya, kote viktim yo ak fanmi yo ap mande jistis epi sekirite pou anpeche plis moun rive tonbe anba men bandi sila yo. Men, elas ! Telefòn nan sone san repons ; sa ki te vin lakoz zak briganday sila gaye kò l pasi pala nan kat kwen peyi a, kote timoun, granmoun, jèn, rich, pòv, chany, machann, nèg ak kòl, nèg san kòl, chofè, moun ak pye, pitit sòyèt, pitit byenere, gwo zouzoun, ti zouzoun pa epanye. Sa ki te fè anpil moun pè sitou elèv lekòl yo, kote majorite nan yo te vin mefye machin vit nwa yo.
Kowonaviris sou liy nan ; yon maladi ki nan yon espas mwens pase yon ane tounen pandemi
"2 mwa apre ane sila te kòmanse, yon gwo maladi, Kowonaviris, yon melanj grip, tous, lafyèv ak kò fè mal ki t ap fè ravaj nan plizyè peyi letranje, te oblije fè prezidan Jovnèl Moyiz ( Jovenel Moïse) pran desizyon fèmen tout aktivite nan peyi a, kekseswa nan sektè prive a kou piblik la, nan dat jedi 5 mas 2020 an pou evite plis kontamasyon."
Lave men tanzantan ak dlo pwòp epi savon, itilize 3 pa distans lè w ap pale, mete kachnen, linèt, pa manyen bouch, je w ak tout lòt bagay yon lòt moun fin manyen, se ansanm prevansyon sa yo ki te pran nan espas tan sa pou pèmèt mwens moun pran viris la. Pandan yon bò nan popilasyon an ap aplike metòd ijyèn sa yo, anpil lòt pa t dakò ak sa yo te di sou maladi sa. Manje ak men san lave, san respè pou okenn konsèy, pou yo viris sa pa t reyèl ; kote anpil pale t ap fèt , yon bann moun fè konnen se yon Kowona politik, se yon fason gouvènman anplas la t ap chache fè plis lajan, epi pwofite kontwole pèp la nan evite leve kanpe fèt kont pouvwa anplas la.
Boum! Dwèt sou bouch. Gwo frap nan sistèm edikatif ayisyen an
" Apre plis pase 4 mwa peyi lòk nan ane eskolè 2019-2020 an sou bout tè papa liyon an, kote se jou ak semenn kèk lekòl t ap veye pou rive fè elèv yo chape ane sila. Rete fèmen ankò nan yon espas 5 mwa konsa nan zafè konfinman, kèk etablisman eskolè te rive òganize yo nan yon fason pou yo wè kouman yo te ka ankouraje ekolye yo travay, men sa ki pa t rive reyisi totalman."
Kaye, liv yon kote, valiz yon lòt kote, tout konsantrasyon ale, anpil elèv lekòl te gaye kò yo tribòpabò sou rezo yo, epitou nan tout tip plezi, sa ki se youn nan koz ki fè mwens kandida rive patisipe nan egzamen ofisyèl yo pou ane sa. Anplis, toujou nan menm entèval tan sila a, inivèsite Leta ayisyen an (ILA) te konnen gwo domaj, tou dabò ak disparisyon etidyan fakilte Agwonomi an Samil Mikal ( Samul Mical), asasinay pwofesè fakilte Dwa ak Syans ekonomik Pòtoprens la Monferye Dòval (Monferrier Dorval) epi etidyan lekòl Nòmal siperyè a Gregori Sentilè ( Gregory Saintilaire), kote bibliyotèk fakilte sa te rive redui an sann, san bliye lanmò jèn liseyèn sa Evlin Sensè ( Eveline Sincère ) ki te fè gwo enpak nan peyi isit kou lòtbò dlo, ansanm ak anpil lòt dosye ki pase anba anba.
Anmwe anba lavi chè, kòb ameriken moute tèt nèg; men, kèk mwa apre kòb la te desann, lakòz pi fò pwodui desann
" Nan peryòd konfinman pèp ayisyen an t ap obsève sou lòd prezidan repiblik la, pri pwodui premye nesesite yo te moute tèt nèg akoz to dola meriken an ki te vin wo, pa gen travay, anpil Ayisyen t ap fè efò pou sèvi ak sa yo genyen; men kèk mwa apre peyi a te dekonfine, pri kèk nan yo te vin bese sa ki te met dout lakay kèk moun pandan anpil lòt t ap pwofite moman sa pou plen dyakout yo ak sa yo pa t genyen."
70 goud pou yon dola, 80, 90...115 goud pou yon dola ameriken, sa se lajan yon sitwayen ayisyen bezwen pou l te viv nan peryòd sa. Kous tout machin moute, mamit diri, mayi, pwa nwa, pwa wouj, pwa kongo sèch elatriye moute ak tout boulin, sa ki te lakoz anpil moun paka manje kòm sa dwa. Apre yon pakèt plenyen, de twa mwa apre dekonfinman an, kèk pwodui kosmetik, alimantè te koumanse bese sou mache lokal la paske nivo lajan tonton Sam nan t ap desann dapre sa anpe moun te fè konnen, sa kite vin mete dout lakay yon bon pati nan popilasyon ayisyèn nan ki te kwè anpil ladan yo se pwodui espire. Malgre sa, okenn reskonsab nan leta a ni nan ministè Komès pa janm di anyen sou sa, sèlman pèp la ap konsome.
Si pou chak ane ki pase, peyi d Ayiti gen divès pwoblèm ki toujou sakaje l, swa siklòn, tranblemanntè, anbago ak divès lòt, ebyen pou 2020 se kriz sosyopolitik, ensekirite total, grangou, mizè, eksetera. Epoutan, malgre tout sa ki rive premye pèp nwa lib la toujou rete tankou yon wozo. Jan sa toujou ye, yon ane ale, youn tou nèf ap rantre ak pwòp sipriz pa l, pandan 2020 ap vire do l, sou ti chèz ba nou n ap tann fas 2021an.
Redaktris: Christina J.Vilmé

Comments
Post a Comment