KILÈ EDIKADYON AP RIVE REPRANN VI AN AYITI ?

 Ayiti-edikasyon

KILÈ EDIKADYON AP RIVE REPRANN VI AN AYITI ? 


 Jan sa te prevwa bò kote minis Levasyon nasyonal la, Pyè Jozye Ajenò Kadè ( Pierre Josué Agénor Cadet), jounen madi 3 novanm 2020 an ta dwe dat pou relouvèti tout lekòl nan peyi isit dapre kalandriye ane eskolè 2020-2021 an, men jiskounye a okenn rezilta poko tonbe pou egzamen leta yo, sitou, sila nevyèm ane fondamantal yo, sa ki lakòz majorite lekòl yo rete fèmen pou dat sa.

Tousuit apre randevou fèt mò yo nan dat premye ak de novanm lan, maten madi twa novanm la, òdinèman  jan sa toujou ye chak jou, nan yon sikilasyon mangonnen, chak moun t ap rive rejwenn okipasyon yo swa nan Petyonvil, oubyen anba Lavil la. Yon lari a mwatye vid, yon tanperati ki tann figi l epi frèt kon mab, se nan sitiyasyon sa peyi papa Desalin lan te leve, kote se kèk elèv ki te nan lari a, pami yo nou jwenn sila ki te koumanse ale lekòl depi avan dat twa a, epi kèk lòt nouvo figi. Pou n gade, nan jou sa a anpil lòt lekòl pa rive travay vre, pou n site ladan yo :  kèk kolèj tankou  :  Floriyan Gantye, enstitisyon Mikst Sen Jozèf Petyonvil ( Kay Levi), Bwaye Bazlè, Kolèj Jan Lui Izidò anba Lavil, pou n vanse, lise yo ak lekòl nasyonal yo. Anvayi ak estrès sosyo-politik pase pran kaporal ensekirite, jiskaprezan yon pakèt timoun ap tann santans ofisyèl yo. Jounen jodi, nan yon peyi meli-melo, okenn moun, menm sila ki nan domenn edikasyon moun isit alevwa sila yo ki nan lamas la paka rive bay edikasyon vi sou latè d Ayiti, sa ki fè chak enstitisyon eskolè prive nan yon fason oubyen yon lòt chwazi jou ak dat pa yo selon dispozisyon yon genyen pou relouvri pòt yo.Si depi nan anons minis Kadè pou pase pran dewoulman egzamen Leta yo, anpil timoun t ap doute sou dat relouvèti lekòl yo,  ebyen se menm sitiyasyon an pou koumansman mwa novanm lan.

Alafen, sou ki dat nimewo en Levasyon nasyonal la rive chita pou tout lekòl reprann kou yo ansanm ?  Epi, suit ak tout leve kanpe k ap gen pou fèt nan fen ane sa, èske li pa posib pou anpil enstisyon eskolè louvri pòtyè yo nan mwa janvye 2021 ?

Redaktris :  Christina Juliana Vilmé

Comments

Popular posts from this blog

LE GUÉDÉ : ENTRE MYTHES, PRATIQUES ET CULTES ANCESTRALES

LES FORMES D'ILLÉGALITÉS EN HAÏTI: LE GRAND DÉFI DES CITOYENS

YON SISTÈM EDIKATIF DWAT GÒCH NAN YON PEYI DWAT GÒCH